Mike Bellot
Harvard Graduate Student | Founder @ Kaw Academy | University Professor | Innovator | EdTech Entrepreneur
Mike BELLOT
Mike Bellot, est originaire de Cap-Haïtien, Haïti. il est titulaire d'un baccalauréat en politique internationale et en économie, d'une maîtrise en commerce et gestion (commerce international) de l'université de Tamkang, à Taïwan, d'un certificat d'études supérieures en gestion des PME de l'université Ritsumeikan du Japon et d'un certificat d'études supérieures en leadership communauta
21/12/2025
🏆 Kaw Academy resevwa Pri Edikasyon STEM 🏆
Jodi a, Kaw Academy resevwa Pri Edikasyon STEM nan Haiti Tech Connect Awards. Se ak anpil imilite ak fyète nou resevwa rekonesans sa a.
Pri sa a pa yon favè.
Se yon rekonpans pou tout sakrifis n ap fè chak jou, pou vizyon n ap pote, epi pou batay n ap mennen pou mete edikasyon pwofesyonèl de kalite kote li pa t janm rive avan.
Nou kwè nan edikasyon kòm zouti pou chanje lavi. Nou kwè nan teknoloji kòm pon pou kreye opòtinite. E pri sa a vin konfime ke misyon nou an gen enpak.
Rekonesans sa a se pou:
ekip Kaw Academy a ki travay san pran souf
pwofesè nou yo ki pataje konesans yo
kominote nou an ki fè nou konfyans
chak etidyan ki kwè nan rèv pa yo
Nou pran angajman pou kontinye avanse, kontinye inove, epi kontinye sèvi Ayiti ak dyaspora a ak ekselans.
19/12/2025
Je suis ravi d’annoncer que je suis le lauréat du prix Innovation et Technologie du Haiti Tech Connect Awards. Cette distinction reconnaît mon engagement à utiliser la technologie comme levier pour rendre l’éducation accessible à celles et ceux qui n’auraient jamais imaginé y avoir accès, à travers Kaw Academy.
Je rends grâce à Dieu pour Sa guidance constante, à ma famille pour son soutien indéfectible, et à mon équipe de Kaw Academy dont le travail, la foi dans la mission et l’engagement quotidien rendent cette vision possible.
19/12/2025
Je suis ravi d’annoncer que je suis le lauréat du prix Innovation et Technologie du Haiti Tech Connect Awards. Cette distinction reconnaît mon engagement à utiliser la technologie comme levier pour rendre l’éducation accessible à celles et ceux qui n’auraient jamais imaginé y avoir accès, à travers Kaw Academy.
Je rends grâce à Dieu pour Sa guidance constante, à ma famille pour son soutien indéfectible, et à mon équipe de Kaw Academy dont le travail, la foi dans la mission et l’engagement quotidien rendent cette vision possible.
16/12/2025
1 Bon nouvèl ekip Kaw Academy a kite pou mwen 🎉
Kaw Academy ofisyèlman fè pati Hult Prize, pi gwo mouvman antreprenarya sosyal nan mond lan.
Hult Prize ankouraje etidyan inivèsite ak enstitisyon fòmasyon siperyè yo devlope ide biznis ki rezoud pwoblèm reyèl moun ap fè fas ak yo chak jou (povrete, edikasyon, enèji, manje, teknoloji, elatriye).
➡️ Patisipan yo gen chans :
Antre nan pi gwo pwogram enkibasyon sosyal atravè lemond
Jwenn mantò entènasyonal
Prezante ide yo devan jij pwofesyonèl
Epi genyen chans pou yo ranpòte jiska 1 milyon dola ameriken pou devlope pwojè yo
✅ Sa vle di: Si w ap etidye nan Kaw Academy, w ap gen opòtinite pou patisipe nan gwo konkou entènasyonal sa a, reprezante Ayiti, epi transfòme yon ide an yon solisyon reyèl pou kominote a.
Sa a se yon gwo etap pou Kaw Academy, epi yon gwo opòtinite pou chak etidyan nou yo 🚀🇭🇹
15/12/2025
Premye sesyon mwen nan Harvard — fini. 🎓
Mwen rekonesan pou konesans mwen resevwa yo, pou nouvo vizyon an, epi pou responsablite sa mete sou zepòl mwen.
Kounye a, li lè pou mwen retounen a plen tan nan Kaw Academy pou yon ti tan, nan wòl mwen kòm CEO, ak plis klète , plis disiplin, epi plis detèminasyon.
Mwen di mèsi Bondye pou lasante, pou fòs, epi paske Li kontinye klere chemen an pou mwen chak jou.
Mwen vle di yon gwo mèsi ak ekip ekstraòdinè mwen an , ekip ki te kenbe misyon an vivan, ki te kontinye travay ak detèminasyon, e ki te pote rezilta menm lè mwen te absan. Travay nou ap fè a gen anpil valè, e mwen fyè de nou.
Vwayaj sa a pa sèlman pou yon diplòm.
Li sou bati sistèm ki solid, louvri pòt opòtinite, epi montre ke edikasyon ak lidèchip wo nivo ka fèt ak misyon, vizyon, ak enpak.
Mpat janm panse ke se nan Nivo sa yo te rayi nou !
Yon zanmi sot voye yon lyen pou mwen maten an ki mennen m sou yon atik yo te pibliye sou mwen ak Kaw Academy ssou youn nan pi gwo aplikasyon nouvèl nan Etazini, yon platfòm ki gen plis pase 50 milyon moun. NewsBreak App
Lè m rive nan seksyon kòmantè yo ke pou majorite etranje fè … mwen te sezi.
pou kantite rayisman (Hate) mwen te li.
Yon rayisman ki pa gen anyen pou wè ak travay n ap fè a… men sèlman ak yon sèl bagay:
mwen se Ayisyen.
Gen moun k ap mande pou nou retounen lakay nou, k ap mande depòtasyon, k ap akize mwen de rasis, epi menm di ke se lajan taks yo ki finanse Kaw Academy…
alòske realite a konplètman diferan.
Sa banm tet femal !
Se pa hate speech la men de naratif ke etranje gen sou kominote nou an.
Nan mitan tout kòmantè sa yo, te gen anpil moun ki kanpe pou nou, ki pran defans nou, ki konprann misyon an, ki wè valè a, ki konprann enpak edikasyon an
Kilè nap fè peyi an pou moun sispann pouse do nou tout kote nou pase?
mwen mete lyen atik la nan komante an nou ka ale gade komantè yo
05/12/2025
Jodi a se 4 Desanm. Nan yon mwa egzakteman, 4 Janvye, se pral anivèsè mwen. E mwen di Bondye mèsi pou tout gras Li kontinye vide sou mwen.
Nan tan nòmal, mwen t ap pare pou resevwa kado, flè, bèl swè, bèl mesaj, bèl selebrasyon, elatriye…
Men pou 2026 la, mwen vle fè bagay yo lòt jan.
Ane sa a, mwen vle bay olye m resevwa.
Mwen vle pataje yon bagay avèk kominote ki toujou kanpe avè m, ki toujou sipòte m, ki toujou ankouraje m.
Sa mwen pral pataje ?
Se yon bagay mwen pran plizyè ane pou m konstwi.
Yon bagay ki te mande vizyon, sakrifis, detèminasyon, ak anpil nwit san dòmi.
Mwen remèsye Bondye pou gidans Li, paske se Li menm ki ban m fòs pou m rive konstwi li.
E ane sa a, mwen p ap kenbe l pou tèt mwen.
Mwen vle bay nou li.
Mwen vle nou vin mèt li tou.
Kisa li ye?
Randevou 4 Janvye.
28/11/2025
Fondatè Kaw Academy, Mike Bellot, fèk nomine kòm Inovatè Ane a nan Haiti Tech Connect Awards.
Se yon gwo fyète pou tout kominote a wè travay li ap jwenn rekonesans pou enpak li ap fè nan edikasyon, inovasyon, ak devlopman kominote nou an , ann Ayiti kou aletranje.
Nominasyon sa a fèt sou baz realizasyon li yo.
Si ou kwè vizyon ak inisyativ Mike Bellot yo merite rekonesans sila, ou ka bay sipò w ak yon vòt.
Klike sou lyen ki nan premye kòmantè a pou vote.
Mwen kontan anonse yon gwo nouvèl!
Patenarya ant Kaw Academy ak Google, atravè pwogram Grow with Google, renouvle pou yon lòt ane ✨
Pandan premye ane kolaborasyon an, elèv Kaw Academy yo te montre yon nivo ekselans ki fè nou fyè:
✔️ 86% taux reyisit nan Diplom Pwofesyonèl Google yo.
Rezilta ekstraòdinè sa a pouse Google double kantite diplòm pwofesyonèl yo mete a dispozisyon Kaw Academy pou ane k ap vini an.
Sa vle di plis chans, plis opòtinite, plis sètifikasyon entènasyonal pou ou!
Eskew pare pou w aprann dirèkteman ak ekspè Google yo epi pran pwochen etap pwofesyonèl ou?
Kaw Academy la pou l louvri pòt avni w. 🚀
Kaw Academy: Nòt Eskiz
Chè itilizatè Kaw Academy,
Nou ekri nòt sa a pou nou enfome ou ke platfòm nou an pa disponib nan moman nap ekri nòt sa , nou eskize nou pou sa .
Rezon an se yon pann mondyal ak gwo founisè sèvis nou an, Cloudflare. Gwo konpayi tankou ChatGPT ak X afekte tou. Sa depase kontwòl nou.
Nou konnen kouman nou konte sou Kaw Academy chak jou pou aprann e pou nou avanse nan etid nou. Se poutèt sa, nou vrèman regrèt pou nenpòt deranjman ak fristrasyon sitiyasyon sa a ka lakòz nou.
Ekip teknik nou an ap travay sou lòt altènatif pou remete nou sou entènèt pi vit posib epi evite sa repete nan lavni. N ap kenbe nou enfòme.
Mèsi anpil pou konpreyansyon ak pasyans nou.
Kòdyalman,
Ekip Kaw Academy a
17/11/2025
Join us at MIT walker memorial
December 13 at 11Am
Haiti 2035: Reimagining the future Haitian education system
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.