INSA
Health Education is the First Medicine
Edikasyon sou lasante se premye medikaman
09/08/2026
INSA ap swete yon gwo Happy Birthday ak Witteny Petit-homme, Direktè Pwogram Kominotè nou. Nou fyè de ou.
Mèsi pou sa w ye ak sa w reprezante pou INSA ak pou kominote a.
Nou renmen w! 🙏🏾🩵💚
15/06/2026
Bòn Fèt Miss Scheila Exantus. Mèsi pou kontribisyon w nan kominote a. INSA kontan genyen w kòm lidè. Nou renmen w🩵💚
11/06/2026
🩸 GRAN SANSIBILIZASYON POU DON DE SAN 🩸
Popilasyon Bombardopolis(1er,2eme ak 3eme seksyon) nou bezwen nou!Nan dat kap 27 ak 28 jen 2026 la,ekip HEB a ansanm ak Croix Rouge ap òganize yon gwo rasanbleman pou moun vinn bay san,siw sou 2eme ak 3eme seksyon wap ka fè sa nan legliz konsèvatris rochefort samedi 27 jen soti 8h pou 4h e siw pi pre bouk la wap ka fèl anndan HEB ni 27 ni 28 jen an nan menm lè a.
Jounen jodi a, anpil moun ap pèdi lavi paske pa gen ase san nan lopital pou ede yo nan moman ijans. Yon manman k ap akouche, yon timoun malad, yon moun ki fè aksidan oswa yon malad grav kapab bezwen san nenpòt kilè. Men yon sèl donatè kapab ede sove plizyè lavi.
Nou lanse yon gwo apèl espesyal pou tout moun ki gen laj 17 rive 65 an ki an bon sante pou vin patisipe nan aktivite don de san sa a. Don de san pa fè moun malad, okontrè se yon jès lanmou, solidarite ak imanitè.
Nou envite: Jèn yo, Fanm ak gason, Gwoup ak òganizasyon yo, Tout legliz ak Pastè, responsab legliz,vodouyizan ann mete tèt ansanm pou sipòte gwo aksyon sa a.
📖 Bib la di : “Pa gen pi gwo lanmou pase lè yon moun bay lavi li pou frè li.”
Bay san se yon fason pou bay lavi ak espwa pou pwochen nou.
🩸 Yon gout san kapab fè diferans ant lavi ak lanmò.
🩸 Pa rete endiferan, vin fè pati moun k ap sove lavi yo.
*Ansanm, ann pote lespwa. Ansanm, ann sove lavi.*
27/05/2026
Gen moun ki oblije viv chak jou ak tansyon, dyabèt, doulè kwonik, ak lòt maladi ki bezwen swivi regilye, men ki pa toujou gen aksè ak swen yo bezwen. Se pou rezon sa a, nan dat 17 fevriye, INSA te mete ansanm ak plizyè pwofesyonèl lasante pou pote sèvis medikal dirèkteman nan lokalite VÈNE a.
Nan yon sèl jounen, 85 pasyan te resevwa konsiltasyon, evalyasyon, edikasyon sou sante, ak sipò. Pou anpil nan yo, se pa t sèlman yon vizit medikal, se te yon moman kote yo te santi nou te pran sante yo an konsiderasyon.
Nou vle salye travay ekstraòdinè Dr. Jean Roodnel Amedee, responsab pwogram MNT (Maladi Non Transmisib) la, ansanm ak Dr. Darbel Karl Eldridge pou angajman yo anvè kominote a.
Yon gwo remèsiman pou kowòdonatè nou an Kenndy Caneus, enfimyè nou yo Rose Lara Exantus, Nephtalie Henry, ak Samentha Dutreuil, ansanm ak tout pwofesyonèl lasante ki te travay san pran souf pou fè klinik sa a posib.
Nou remèsye Majistra Desliens tou pou sipò li ak kolaborasyon li nan òganizasyon jounen sa a.
Se nan aksyon tankou sa yo nou wè vrè sans solidarite a.
Lè konesans, konpasyon, ak sèvis reyini ansanm, kominote yo vin pi fò.
20/05/2026
Happy follow-versary to my awesome followers. Thanks for all your support!
Caneus Kenndy, Scheila Exantus, Henry Nephtalie Radio la source FM de BombardopolisLaresistante LionneWitteny Petit-hommeACJZH - Sant ZALindax HaïtiPhraselène DupréAntoine Duguest StinfilGaffney Michel NelsonINSAAmerican Heart Association@
19/05/2026
Nan dat ki te 14 Fevriye 2026 la, atravè klinik mobil dantè nou an, anpil moun nan kominote a te jwenn swen. Anba lidèchip Dr. Witteny Petit-Homme, Chirijyen Dantis, ak Leader pwogram Bouch ou Konte, nou te pote swen ak edikasyon sou sante bouch nan lokalite Klenèt.
Avèk kowòdinasyon Kenndy Canéus, pasyan yo pa t sèlman resevwa sèvis, yo te santi yo gen valè. Chak souri nou ede retabli se yon rapèl ke edikasyon ak aksè sante se pa liks, men se yon nesesite.
Se sa k rive lè misyon rankontre aksyon.
Se sa prevansyon sanble nan lavi reyèl.
Nou vle pran yon moman pou nou di mèsi ak tout enfimyè nou yo:
Rose Lara Exantus, Nephtalie Henry, Samentha Dutreuil, ansanm ak Dr. Jean Roodnel Amedee.
Yon mèsi espesyal pou dantis Nephtalie ki soti nan 3èm seksyon ki te vin pote sipò li avèk nou.
Mèsi tou ak Viana Altidort ak Resenite Defranc pou kontribisyon yo.
Mèsi ak ACJZH - Sant ZA pou kolaborasyon nou!
18/05/2026
🇭🇹 Drapo a se idantite nou, istwa nou, ak fyète nou. Li raple nou kiyès nou ye ak fòs ki nan nou.
Men fòs yon pèp chita nan sante li tou. Lè nou pran swen sante nou, n ap pwoteje lavni nou.
09/05/2026
VWA LASANTE
07/05/2026
Pa rate emisyon sa demen swa apati 8è nan aswè sou Radio la source FM de Bombardopolis ak Caneus Kenndy & Dr. Witteny Petit-homme, Chirurgien Dentiste, Responsab Pwogram “Bouch Ou Konte” ap nan .
30/04/2026
Branche VWA LASANTE - 8è nan aswè chak Vandredi sou Radio la source FM de Bombardopolis.
N ap tann tout moun pou bèl emisyon sa demen swa ak Caneus Kenndy & Miss Roselande Chery.
INSA
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.