JENG

JENG

Compartir

JENG Academy : Coaching de Développement Personnel & Professionnel. Rejoignez-nous.

Transformez votre vie grâce à une approche experte et collective :
Psychologie de Famille | Coaching Pro | Podcasts | Débats | Projets Collectifs.

Élevez votre mental.

02/05/2026

⚡️ JÈN AYITI, LÈ A RIVE POU W KASE LAPÈ A! ⚡️

Frè m, sè m, konbyen rèv ou kite mouri paske lapè te mare men w?
Konbyen pwojè ou gen nan tèt ou ki poko wè jou paske w ap tann "bon moman an"?
Konbyen fwa ou di "m ap fè l demen"... epi demen tounen 5 an?

ASE! JODI A NOU DI PÈ A: OU PA MÈT NOU ANKÒ!

📢 JENG ACADEMY PREZANTE: JENG PODCAST LIVE
📅 SAMDI 2 ME A | ⏰ 9H PM EGZAK
🎙️ SIJÈ: "PASSER À L'ACTION MALGRÉ LA PEUR"
🔥 AK: Coach MR KELAN JEAN LOUIS | MODERATEUR: EUSTACHE WIDLOU

POUKISA OU DWE LA ASWÈ A, SAN ESKIZ?

1. LAPÈ A SE YON MANTÈ- L ap di w "ou pa pare", "moun ap ri w", "w ap echwe". Aswe a, Kelan Jean Louis ap ba w zam pou w fèmen bouch li pou tout tan.
2. AYITI PA KA TANN ANKÒ - Pandan w ap pè, bandi ap aji. Pandan w ap doute, medyokrite ap dirije. Peyi a bezwen aksyon w. Kounya.
3. OU PA POU KONT OU- JENG ACADEMY se pa yon podcast. Se yon lame jèn deside.
Nou pral aprann, nou pral planifye, epi nou pral AJI ANSANM

KISA W AP GAYE SI W PA VIN?
❌ 1 èdtan estrateji
❌ Repons dirèk sou kesyon k ap manje sèvo w: "Kijan pou m kòmanse biznis mwen ak 0 goud?" "Kijan pou m pale devan moun?" "Kijan pou m pa koute moun k ap dekouraje m?"
❌ Koneksyon ak lòt jèn ki refize bay vag. Rezo w se fòs ou.

KOTE POU W JWENN NOU?
📍 LIVE SOU: FACEBOOK & YOUTUBE → "Jeng Academy/Widlou Plsh Eustache"
🔁 OU RATE L? Redifizyon sou OFIDDH Youtube
Les commentaires de Lazard Josette
Dimanch a 9h

MISYON W ANVAN 9H PM:
1. PATAJE PÒS SA -
Tag 3 jèn ki gen potansyèl men ki bloke ak pè. Sove yo.
2. METE ALAM OU- 8:55 PM. Pa gen eskiz.
3. VIN AK KAYE W-
Sa pa seans motivasyon chèlbè. Se lekòl lagè kont pè.

JENG ACADEMY DI:
_Jeunes Engagés pour une Nouvelle Génération.
Forcer l'Avenir, Réussir Ensemble._

Pè a pap manje rèv ou ankò aswè a.
Desizyon an nan men w. Ou la oswa ou pa la?__

KÒMANTÈ "MWEN LA" SI W AP KONEKTE ASWÈ A 👇
ANN FÈ 9H PM TOUNEN LÈ ISTWA CHANJE POU YON JENERASYON!

02/05/2026

⚡️ JÈN AYITI, LÈ A RIVE POU W KASE LAPÈ A! ⚡️

Frè m, sè m, konbyen rèv ou kite mouri paske lapè te mare men w?
Konbyen pwojè ou gen nan tèt ou ki poko wè jou paske w ap tann "bon moman an"?
Konbyen fwa ou di "m ap fè l demen"... epi demen tounen 5 an?

ASE! JODI A NOU DI PÈ A: OU PA MÈT NOU ANKÒ!

📢 JENG ACADEMY PREZANTE: JENG PODCAST LIVE
📅 SAMDI 2 ME A | ⏰ 9H PM EGZAK
🎙️ SIJÈ: "PASSER À L'ACTION MALGRÉ LA PEUR"
🔥 AK: Coach MR KELAN JEAN LOUIS | MODERATEUR: EUSTACHE WIDLOU

POUKISA OU DWE LA ASWÈ A, SAN ESKIZ?

1. LAPÈ A SE YON MANTÈ- L ap di w "ou pa pare", "moun ap ri w", "w ap echwe". Aswe a, Kelan Jean Louis ap ba w zam pou w fèmen bouch li pou tout tan.
2. AYITI PA KA TANN ANKÒ - Pandan w ap pè, bandi ap aji. Pandan w ap doute, medyokrite ap dirije. Peyi a bezwen aksyon w. Kounya.
3. OU PA POU KONT OU- JENG ACADEMY se pa yon podcast. Se yon lame jèn deside.
Nou pral aprann, nou pral planifye, epi nou pral AJI ANSANM

KISA W AP GAYE SI W PA VIN?
❌ 1 èdtan estrateji
❌ Repons dirèk sou kesyon k ap manje sèvo w: "Kijan pou m kòmanse biznis mwen ak 0 goud?" "Kijan pou m pale devan moun?" "Kijan pou m pa koute moun k ap dekouraje m?"
❌ Koneksyon ak lòt jèn ki refize bay vag. Rezo w se fòs ou.

KOTE POU W JWENN NOU?
📍 LIVE SOU: FACEBOOK & YOUTUBE → "Jeng Academy/Widlou Plsh Eustache"
🔁 OU RATE L? Redifizyon sou OFIDDH Youtube
Les commentaires de Lazard Josette
Dimanch a 9h

MISYON W ANVAN 9H PM:
1. PATAJE PÒS SA -
Tag 3 jèn ki gen potansyèl men ki bloke ak pè. Sove yo.
2. METE ALAM OU- 8:55 PM. Pa gen eskiz.
3. VIN AK KAYE W-
Sa pa seans motivasyon chèlbè. Se lekòl lagè kont pè.

JENG ACADEMY DI:
_Jeunes Engagés pour une Nouvelle Génération.
Forcer l'Avenir, Réussir Ensemble._

Pè a pap manje rèv ou ankò aswè a.
Desizyon an nan men w. Ou la oswa ou pa la?__

KÒMANTÈ "MWEN LA" SI W AP KONEKTE ASWÈ A 👇
ANN FÈ 9H PM TOUNEN LÈ ISTWA CHANJE POU YON JENERASYON!




JENG
Widlou Plsh Eustache
Kelan Jn Louis
Ceo Creacion

01/05/2026

*Dans 5 ans, tu seras le même si tu ne changes rien aujourd’hui.*

Tu peux rêver d’une autre vie.
Mais sans nouvelles actions, tu obtiens les mêmes résultats.

Le futur n’est pas un hasard. Il est construit par tes décisions quotidiennes
(comme le souligne Darren Hardy).

Si tu veux une vie différente change tes habitudes dès maintenant.

Le temps passe, ne procrastine pas.

La question est : *est-ce que toi tu va maintenant passer à l'action pour changer ta vie ?*

30/04/2026

Samdi soir
9hpm
Mr Jean Louis
JENG
Estime de soi

29/04/2026

Tu passes ta vie à attendre que quelqu’un te sauve…
Quelqu’un te soutienne…
Quelqu’un te comprenne…

*Mais écoute bien ceci :*
personne ne viendra vivre ta vie à ta place.

Les gens peuvent t’encourager,
les gens peuvent t’aider,
mais ils ne porteront jamais ton destin.

Tant que tu dépends des autres pour avancer,
tu resteras bloqué au même endroit.

Il y a une force en toi que tu ignores encore.
Une capacité à te relever, à décider, à agir…
*Mais cette force ne se manifeste que le jour où tu prends une décision :*

Compter sur toi-même.

Oui, fais confiance à Dieu…
mais comprends aussi ceci :
Dieu agit à travers un homme qui se lève.

Si tu ne bouges pas, rien ne bougera.
Si tu attends toujours, tu perdras des années.

Arrête de te plaindre.
Arrête d’attendre.
Arrête de dépendre.

Prends ta responsabilité.

Travaille sur toi.
Discipline-toi.
Construis ta vision.
Fais ce que tu dois faire, même quand personne ne regarde.

Parce que le jour où tu comprendras que
ta vie dépend de tes décisions,
tout va changer.

Les portes vont s’ouvrir.
Les opportunités vont apparaître.
Et même ceux qui t’ignoraient commenceront à te respecter.

*Pourquoi ?*

Parce que tu es devenu quelqu’un de solide.
Quelqu’un de stable.
Quelqu’un qui avance.

*Alors aujourd’hui prends cette décision :*

Je ne serai plus dépendant.
Je deviens responsable de ma vie.
Je compte sur Dieu… et j’agis.

*Et souviens-toi :*

👉 Personne ne croit en toi plus que toi-même.
Si tu abandonnes, tout s’arrête.
Mais si tu te lèves… tout commence.

Photos from JENG 's post 29/04/2026

Pèp ayisyen pa pran defi
Men vizyon yo pa rive pi lwen ke emosyon yo

Se sansasyon kap gide yo

Kanal la pap kanpe se te yon bel batay an favè peyi ayiti tout kiltivatè te kontan tout dyaspora te kanpe
Lajan gagote plizyè chef anpil antite
Ougan fe similak pastè fin awoyo bsap menm kanpe an mèt afè
Menas pa menas
Yon sel slogan yon sel vizyon kanal la pap kanpe
Pandan kanal lan ap bati kiyes ki tap fe plan stratejik pou apre
Nan chak batay toujou dwe gen repons ak kesyon sa e apre
Paske batay lan an swa konn yon pwent nan iceberg lan men e apre
E apre kanal lan eske se selman pou mntre mou granmoun pou montre ke gren Nou plen men nou oubyen vreman se te pou prodiksyon lokal
Anpil kout maji fet enjenye pran nan poud
E kek lot militan kanal lan te menm arive pedi lavi yo
pran prizon swadizan pou sa
Fanm kou gason tap jui fyetè sa podyab se te kouri san konnen kote nou pwal kache
Sa fini pa prouve vreman mete yon zanno lò nan nen yon cochon se gaspiye e desann valè zanno an
Bay chen lajan lap pise sou li paske se zo li benzwen
Pep lan benzwen yon lidè pa moun kap di ann kouri apre nou bouke li pap jwen dlo baw pase swaf ni baw kote pouw kache
Directeur camo tj dim gen kouri gen ale men sak pi di an se kase tet tounen
Se komsi pitow pat janm ale
Eske nou te oblije fe kanal lan pou kitel gaspiye?
Eske nou te oblije gagote tout kob sa?
Eske tijenn sa yo te oblije mouri pou yon batay ki pa gen sans?
Eske chak batay se inikman sansasyon?
Eske vreman batay ak mobilizasyon se enterè peyi an ki prime?
Gen kesyon toujou taka poze men ti pep sa frajil sa sifi pou yo di se egri egri
Sa sifi pou yo di zafè se kob yo ki fel
Sa sifi pouw tande se mal map pale batay lan

Filozof lan te di pa gen pi gro egare pi gro aveg ke yon moun ki refize wè
Podyab je nou fikse pa pi lwen ke pwent nen nou sa rann nenpot emosyon fe nou kwè se espwa pandan chak magouyè profite fe kapital fe riches yo
Pep lan toujou pi mal.

Mpap di plis
Na reflechi si vreman lespri nou pemet nou fesa

Eustache Widlou

academy

29/04/2026

JÈN AYITI, KI MOUN W AP BAY FÒS ?
_Le w bay medyokrite mikwo, pa plenyen lè l vin dirije peyi w.

Frè m, sè m, ann pale serye 2 minit.

M louvri TikTok denyeman . Premye Live mwen wè : Yon "lidè" yon bandi yon revolisyonè 12,000 jèn ayisyen ap gade, ap voye kè, ap voye kado, ap fe dyalog kom kwa yap fè la pè ,se komsi bandi ap denonse otorite ki bayo zam lan
Ap pote pep lan plent yon pep ki viktim de zam bandi yo e de konplo otorite yo

M chanje. Dezyèm Live : BIC ap pale de pwezi, de istwa peyi a, de kijan pou nou soti nan twou sa. 340 moun ap gade.

Ki lè nou te tounen fou konsa ?

1. GLASE KAP GAD OU NAN MIWA: OU AP NOURI PWÒP BOURO W

An nou sispann bay tèt nou manti. Chak fwa ou :
1. Rete 3 èdtan nan Live yon bandi k ap montre zam ak lajan sal,
2. Pataje videyo asasen k ap fè djòlè sou kadav,
3. Ekri anba post kriminèl,

Ou pa jis "gade". Ou ap vote. Ou valide ou aksepte

Ou ap vote ak tan w. Ou ap vote ak done w. Ou ap vote ak atansyon w.
Epi algoritm yo konprann yon sèl bagay : _« Sa jèn ayisyen yo vle, se san, se vyolans, se medyokrite. Ban m yo plis. »_

Pandansetan, Belo ap goumen pou l jwenn 10 000 view sou yon mizik ki ka geri nanm ou.
Jean Jean Roosevelt ap vide kè l pou l raple w ke ou se pitit Dessalines, e ou gen 200 like.
Blaze One ap kraze mikwo ak konsyans, men se pa li ki nan trending.

Kesyon an senp : Ki moun n ap bay fòs ?
Paske moun ou bay fòs jodi a, se li k ap dirije w demen.

PRI OU AP PEYE POU MEDYOKRITE W LA

Ou panse se jis "amizan" ? Men bòdwo a :
Ou bay 1 èdtan atansyon w pou... Ou pèdi...
Yon bandi nan Live 1 èdtan ou t ka aprann yon konpetans sou YouTube pou w kite peyi a oswa kreye biznis ou.
Pataje videyo krim Ou nòmalize lanmò. Ou anestezi pwòp kè w. Demen lè se fanmi w, w ap mande "kijan nou rive la?"
Ignore Ou touye pwòp kilti w. Ou voye mesaj bay tout timoun : "Pou w reyisi Ayiti, fò w touye moun, pa chante.,fow popilè ,pa aprann
Se sa ki koz pat benzwen fe kontni sou sal genyen kom konesans men sou botel paske li konpran ke gen selman 71mil abone sou tiktok se pske lap pedi tan nan bay konesans
Reality check : Bandi a pa bezwen w pou l rich. Li gen zam. Men Belo bezwen w pou mesaj li sikile. Kilti a mouri lè ou sispann nouri l. E lè kilti a mouri, se bèt ki ranplase l.

YO PA PI FÒ PASE W. YO PI ENTELIJAN PASE W NAN ITILIZE SÈVO W

Bandit yo konprann yon bagay anpil jèn pa konprann : Atansyon = Pouvwa = Lajan = Kontwòl.

Yo ba w vyolans, sèks, lajan fasil. Paske yo konnen sèvo w renmen dopamine rapid.
BIC ba w pwezi. Sa mande w reflechi. Sa mande w grandi. E grandi fè mal.

Kidonk ou chwazi chemen fasil. Ou chwazi manje vit ki bay kansè lespri.
Epi apre w ap mande kòman fè peyi a gen kansè tout bon.

Tonton Bic di l deja :* _"Se sa nou vo a n ap jwenn."_
Si nou vo Live bandi, n ap jwenn peyi bandi. Si nou vo pwezi, nou ka rebati peyi pwezi.
JENG ACADEMY : REPRANN KONTWÒL MIKWO A

Jèn Angaje, li lè pou n sispann plenyen epi pou n aji. Mikwo a nan men w. Men kijan pou itilize l jan di jenes lan se prezan peyi an se kounya poun aji

FÈ GRÈV ATANSYON
Deside kounya : _« Mwen pap bay asasen 1 segond nan tan mwen ankò. »_ Unfollow. Block. Report. Wete pouvwa yo. Lè odyans lan tonbe, yap pèdi fòs.

BAY FÒS AK SA KI KA SOVE W
Jodi a menm, ale sou YouTube :
1. Chèche "Belo Haiti Live"- Gade l. Kite yon komantè. Pataje l.
2. Chèche "BIC Peyi Mwen"- Koute l. Ekri sa l fè w santi.
3. Chèche "Jean Jean Roosevelt Parol"- Aprann tèks yo pa kè.
4. Chèche "Blaze One Conscience" - Voye l bay 3 zanmi w.

Si 50,000 jèn fè sa demen, algoritm yo oblije chanje. Trend la oblije chanje.

VIN BATI ALTÈNATIV LA
Nan JENG ACADEMY, nou pa chita ap kritike fènwa. Nou limen bouji.
Nou gen : Liv gratis pou nouri lespri w, pou w vin ewo nan domèn ou, ak moun ki gen valè, sikoloji pou geri chòk peyi a mete sou ou.

Paske se pa ak men vid n ap goumen kont medyokrite. Fòk lespri w ame.

KONKLIZYON : ISTWA AP JIJÉ W

50 an apre jodi a, pitit ou pral mande w : _"Papa, manman, kisa ou t ap fè lè peyi a t ap koule ?"_

Kisa w ap reponn ?
_"M t ap gade Live bandi, live masisi live lobey briganday ,m t ap voye kè"_ ?
Oubyen _"M te deside nouri sa ki bèl, sa ki grand, sa ki ka sove nou"_ ?

Jèn Ayiti, ou pa medyòk.Men chak fwa ou klike sou medyokrite, ou aksepte vin medyòk.

Kraze chèn nan. Koupe abònman ak lanmò. Bay Belo stream li merite. Bay BIC like li merite. Bay tèt ou lavni ou merite.

Peyi a pa mande w pou w pafè. Li mande w pou w chwazi.

Kounya. Kisa w chwazi ?

OFIDDH – JENG ACADEMY
_Paske yon jèn ki chwazi konsyans olye kanson, ka chanje tout yon nasyon._

Aksyon rapid :* Pataje atik sa. Tag 3 jèn ki bezwen li l. Epi ale koute yon mizik Belo kounya. Pwouve w se pa pawòl.


Widlou Plsh Eustache
Kelan Jn Louis

Junior Dominique
Shelot Pierre

26/04/2026

bob c t di jou tout bandi met tet ansanm
konnen sosyete an rive bout li

25/04/2026

Q🔥 JEUNESSE, C’EST TON HEURE ! 🔥

Marre de douter ? Tann d’avoir peur du "qu’en-dira-t-on" ?
La peur te paralyse ? Le regard des autres te bloque ?

Ce samedi 25 avril à 21h, on brise les chaînes ensemble.

JENG PODCAST t’invite à une soirée 100% mindset avec :
🎯 Kelan Jean Louis→ _Passer à l’action malgré la peur_
Parce que les rêves meurent dans la zone de confort.
🎯 Eustache Widlou → _Se détacher du regard des autres_
Parce que ta vie n’est pas un sondage d’opinion.

JENG = Jeunes Engagés pour une Nouvelle Génération
Notre mission : _Forger l’avenir, réussir ensemble._
Et ça commence par toi. Maintenant.

📍 RDV Samedi 25 avril | 21H
📲 En live sur YouTube & Facebook : Jeng Academy / Widlou Plsh Eustache
🔁 Tu rates le live ? Rediffusion dimanche 9h sur Ofiddh

Ta peur ne paie pas tes factures. L’avis des autres ne construit pas ton futur.
Viens prendre les clés pour passer à l’action. Pour de vrai.

3em formation sur estime de soi
25 abr • 9–11 p. m. • Revisa los detalles y confirma tu asistencia https://calendar.app.google/2qiq7VfRLMFKUR9z6

JENG

6 PODCAST SUR ESTIME DE SOI — Invitation via Google Calendar 17/04/2026

6 PODCAST SUR ESTIME DE SOI
18 abr • 9–11 p. m. • Revisa los detalles y confirma tu asistencia

6 PODCAST SUR ESTIME DE SOI — Invitation via Google Calendar

¿Quieres que tu empresa sea el Compañía De Medios mas cotizado en Santo Domingo?
Haga clic aquí para reclamar su Entrada Patrocinada.

Categoría

Página web

Dirección

La Churchill
Santo Domingo
11000

Horario de Apertura

21:00 - 23:00