24heures.ht

24heures.ht

Compartir

Enfòmew, dekouvri e kòmante sou paj sa. Ekri nou pou nenpòt dout, oubyen enfòmasyon ou ye.

02/06/2026

Polis Nasyonal Ayiti )an kolaborasyon ak Task Force la, te mennen yon gwo operasyon sekirite nan zòn Village de Dieu kont gang “5 Segonn” lan, ki dapre otorite yo, ap opere anba direksyon Johnson André alyas Izo.

Selon enfòmasyon ki disponib yo, fòs lòd yo te mobilize plizyè mwayen espesyal pandan entèvansyon an, tankou dron eksplozif, machin blende ak yon pèl mekanik blende. Operasyon an te vize plizyè pozisyon estratejik gang lan te itilize nan zòn nan.

Pami estrikti ki te detwi yo, gen yon kay ki ta sèvi kòm rezidans yon chèf gang yo idantifye sou non “Manno”. Temwen yo rapòte plizyè eksplozyon ak gwo mouvman fòs sekirite yo pandan operasyon an.

Jiska moman sa a, otorite yo poko pibliye okenn bilan ofisyèl konsènan kantite moun ki te arete, blese oswa mouri pandan entèvansyon an. PNH la fè konnen operasyon yo ap kontinye nan kad efò pou reprann kontwòl zòn ki anba enfliyans gwoup ame yo.

Plis detay sou dosye sa a ap disponib nan èdtan k ap vini yo. 🇭🇹🚔

02/06/2026

Minis Defans Ayiti a, Mario Andrésol, te resevwa Chajé d’Afè Ajantin an, Pablo André Graziano, nan yon reyinyon travay ki te fèt lendi 1ye jen an. Ajantin konfime li pare pou resevwa jèn Ayisyen nan akademi militè li yo (lame, marin ak avyasyon) pou ede fòme nouvo kad FAd’H yo.

Pandan rankont la, de pati yo te diskite sou ranfòsman kapasite Fòs Ame d Ayiti yo, amelyorasyon koperasyon sekirite rejyonal, epi nesesite pou pi bon kowòdinasyon ant FAd’H, PNH ak fòs espesyal k ap konbat gang yo.

Otorite yo fè konnen objektif la se bati enstitisyon sekirite ki pi solid pou ede retabli estabilite nan peyi a epi ranfòse sekirite nan rejyon an

02/06/2026

🚨‼️ Lapolis ansanm ak Fòs represyon g@ng nan lanse yon gwo operasyon nan Vilaj de Dye jodi lendi, premye jen 2026 la.

01/06/2026

Yon foto 10mil like. 👍

01/06/2026

Meri Kap Ayisyen anonse aplikasyon yon nouvo mezi ki vize òganize trafik ak amelyore sikilasyon nan sant vil la. Daprè desizyon sa a, tout moto 3 wou ki sèvi kòm mwayen transpò piblik pap gen otorizasyon pou antre nan sant vil la apati 1 jen 2026.

Otorite minisipal yo fè konnen yon trajè espesyal pral mete disponib pou moto 3 wou yo kapab kontinye opere, pran ak depoze pasaje yo san yo pa antre nan zòn ki konsène pa restriksyon an.

Meri a presize ke mezi sa a pa konsène kamyonèt transpò piblik yo, ki ap kontinye gen dwa sikile nan sant vil la tankou sa te toujou fèt.

Responsab yo avèti nenpòt chofè moto 3 wou ki pa respekte nouvo dispozisyon sa yo ap sibi sanksyon, ki gen ladan yon amann ki fikse a 15,000 goud.

Otorite minisipal yo fè konnen desizyon an antre nan kad efò y ap fè pou amelyore jesyon trafik, diminye anbouteyaj, epi ranfòse sekirite sou wout nan dezyèm pi gwo vil peyi a.

01/06/2026

Plizyè mwa apre revokasyon li kòm responsab DDO Ouest 1, ansyen komisè polis Jacques Ader kontinye ap fè pale de li nan mitan popilasyon an.

Lè otorite yo te retire l nan pòs li a, yo te esplike desizyon an pa yon swadizan mank rezilta nan travay li t ap fè. Men, anpil sitwayen te wè bagay yo yon lòt jan, paske yo te salye detèminasyon li nan batay kont ensekirite ak kidnapin ki t ap gangrennen depatman Lwès la.

Dapre plizyè obsèvatè, Jacques Ader te mennen yon seri operasyon kont gwoup ame ki t ap opere nan diferan zòn nan rejyon an. Revokasyon li te pwovoke anpil deba ak kestyon sou rezo sosyal yo.

Dimanch sa a, prèske 48 èdtan apre asasina kat polisye nan depatman Latibonit, ansyen responsab polis la te pibliye yon mesaj sou Facebook ki pa kite moun endiferan. Nan mesaj sa a, li ekri:

"Mwen mèt mouri jodia, mwen espere ap gen yon lòt Ayiti."

Piblikasyon sa a deja lakòz anpil reyaksyon sou rezo sosyal yo epi li relanse diskisyon sou sitiyasyon sekiritè peyi a ak avni Ayiti.

01/06/2026

Nan yon atik espesyal, CNN mete an limyè ekstraòdinè retou Ayiti sou pi gwo sèn foutbòl mondyal la apre 52 ane absans. Dènye fwa Grenadye yo te patisipe nan yon Koup di Mond se te an 1974 nan Almay de Lwès. Jodi a, yon nouvo jenerasyon jwè ekri yon nouvo paj nan listwa espò ayisyen an.

Malgre defi sekirite, vyolans gang ak difikilte ekonomik peyi a ap travèse, kalifikasyon sa a vin tounen yon sous fyète, espwa ak inite pou tout pèp ayisyen an, kit yo lakay yo oswa nan dyaspora a. CNN souliye jan siksè sa a depase kad espò a pou li vin tounen yon senbòl rezistans ak detèminasyon yon nasyon ki pa janm sispann kwè nan lavni li.

Atik la mete aksan sou sitiyasyon espesyal Woodensky Pierre, sèl jwè ekip nasyonal la ki ap viv epi jwe an Ayiti, pandan li t ap tann viza li pou rantre Ozetazini ansanm ak rès delegasyon an. Istwa li reprezante kouraj ak sakrifis anpil jèn ayisyen ki kontinye reve malgre tout obstak yo.

Pou Mondyal 2026 la, Ayiti pral evolye nan Gwoup C ansanm ak Brezil, Ekòs ak Mawòk, gwoup sa yo relel “ de la Mort”.Menmsi anpil analis pa konsidere Grenadye yo kòm favori, yo rekonèt ekip la gen vitès, disiplin ak kapasite pou kreye gwo sipriz devan tout mond lan.

Kalifikasyon Ayiti pou Mondyal 2026 la se pa sèlman yon viktwa foutbòl; se yon viktwa pou tout yon pèp. Se prèv ke menm nan moman ki pi difisil yo, Ayiti kapab toujou leve tèt li byen wo epi fè drapo ble ak wouj la flote avèk fyète sou sèn entènasyonal la. 🇭🇹
Déjà tout ayisyen prè pou mete drapo Haïti 🇭🇹 byen wo nan gwo evenman sa.
Grenadye alaso!

01/06/2026

Zed Airlines lanse ofisyèlman nouvo vòl Port-au-Prince – Cap-Haïtien depi 1e jen 2026

Konpayi avyon Zed Airlines anonse ouvèti ofisyèl nouvo liy ayeryen li ant Port-au-Prince ak Cap-Haïtien, yon sèvis ki antre an fonksyon depi 1e jen 2026. Inisyativ sa a vize fasilite deplasman pasaje yo ant de pi gwo sant ekonomik ak administratif peyi a, pandan li ofri yon opsyon ki pi rapid, pi konfòtab ak plis sekirize.

Pou selebre lansman sèvis la, konpayi an mete sou mache a yon òf pwomosyonèl espesyal. Yon tikè ale senp disponib pou 149.99 dola ameriken, tandiske yon tikè ale-retou ap vann pou 299.98 dola ameriken.

Responsab yo fè konnen nouvo liy sa a se yon etap enpòtan nan efò pou amelyore konektivite ayeryèn anndan peyi a, pandan y ap ofri kliyan yo youn nan pri ki pi konpetitif ki disponib sou trajè sa a aktyèlman.

31/05/2026

“Kalifikasyon Mondyal sa se kòmansman yon nouvo Ayiti”

Duckens Nazon. 🇭🇹

31/05/2026

Hmmm men peyi a wi.

¿Quieres que tu figura pública sea el Figura Pública mas cotizado en Santiago?
Haga clic aquí para reclamar su Entrada Patrocinada.

Página web

Dirección


Santiago
3000000